Genesis 5

1Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. 2Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. 3Adan te gen santrantan lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. 4Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 5Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan.

6Sèt te gen sansenkan lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. 7Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 8Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan. 9Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. 10Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 11Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan. 12Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. 13Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 14Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan. 15Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. 16Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 17Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan. 18Jerèd te gen sanswanndezan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. 19Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 20Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan.

21Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. 22Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 23- 24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.

25Metouchela te gen sankatrevensètan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. 26Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 27Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan.

28Lemèk te gen sankatrevendezan lè li vin gen yon pitit gason. 29Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. 30Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan. Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 31Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan. 32Noe te gen senksanzan lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Copyright information for FreCrl